Nan tèks No. 134 la, mwen te eksplike nou kantite lajan Leta Ayisyen te bezwen oubyen li te ranmase pou li rekonstri Ayiti apre 12 janvye 2010: 11 MILYA DOLA VÈT.
Mwen te eksplike nou ke Leta Ayisyen te bezwen 3.3 MILYON DOLA VÈT pou konstri GRAN SANT ADMINISTRATIF POTOPRENS ant Ri " Des Cesar", Ri " Saint- Honoré", Ri " Capois" ak Bò lanmè a.
Leta Ayiti Ayisyen ta pral fè fas ak yon sitiyasyon difisil, ki pral mennen kapital la ak zòn metwopolitèn nan nan Eta li ye laa.
Se pwoblèm deplasman popilasyon an; paske nan tout istwa Ayiti apre, patikilyèman, asasinay Jean- Jacques Dessalines 17 oktòb 1806, tout rejim politik ki manyen koze mete LÒD nan kesyon TÈ a, KADASTRE TÈ LETA pèdi pouvwa, mouri asasine, pran wout ekzil, mouri nan ekzil.
Menm pwoblèm nan poze apre 12 janvye 2010. Pou GRAN SANT ADMINISTRATIF POTOPRENS la rekonstri, fòk tout pwopriyetè dedomaje. Pou pwopriyetè yo dedomaje, fòk yo gen bon papye, fòk yo kadastre. Sa vle di, fòk yo se FÈMYE REGILYE LETA. Vwala ke pifò gwo kay, ti kay ak gwo bildin, ki te kraze yo, te konstri vay ke vay, pifò nan yo se te pou gwo zouzoun nan sektè ekonomik la oubyen nan pouvwa politik la. Ki fè ke se mwens yon milye ( mil pwopriyetè) ki te rive pwouve ke yo gen dwa pou dedomajman. Sistèm nan tou bloke. Sa fè ke, soti apre 12 janvye 2010 pou rive 2025, plizyè rejim politik tankou Preval, Joseph Michel Martelly ak Jovenel Moise, genyen 5 arete ki pran pou deklare moso tè ITILITE PIBLIK nan Sant Vil Potoprens, men ankenn nan yo pa rive rezoud pwoblèm kadas la, ni gen kouraj pou deplase popilasyon an.
Sa bay 2 vye konsekans:
-
Nèg manje/dilapide/ gaspiye kòb CIRH ( COMMISSION INTERIMAIRE POUR LA RECONSTRUCTION D' HAITI, lang fransèz) la;
-
Nèg ak nègès nan pouvwa yo monte yon estrateji bandi pou vide tout popilasyon Sant Vil Potoprens ki tounen rak bwa pou kache bandi, annatandan bon moman moman vini pou netwaye dekonb, fin kraze rès mazi pou rekonstri san pwoblèm; men pa bliye se 11 MILYON VÈT KI DISPARÈT.
Vwala istwa yon Leta fèb ak yon elit san vizyon pou konstri yon nasyon ki fò ak yon popilasyon ki viv tankou moun.
Batay la, pou konnye laa, se rive kreye yon Leta fò ak yon vizyon klè pou retire Ayiti nan katchouboumbe li ye laa. Se va rezilta enstalasyon yon REJIM POLITIK LEJITIM ki gen POUVWA ak OTORITE pou enpoze APLIKE LA LWA aj JISTIS kòm Gid pou devlope sosyete a. Se pou sa n ap mobilize.
Yon klik, yon J'aime, yon pataj, yon kritik, yon konsèy ap mennen m pi lwen.
Ann avanse #angranjan! 12.10.2025:07:55 am, e.'.v.'.